Kabrit
Ede nou soutni yon pwojè diksyonè kreyòl, yon kreyasyon lib : |
Wiksyonè kreyòl |
Kabrit se yon bèt ki bay pitit li tete, ki gen de (2) kòn nan tèt li, de (2) zòrèy kanpe, bouch long. Li fè yon pitit yon sèl kou. Kèk fwa li konn fè de (2) oubyen twa (3) pitit tou. Kabrit bele : li fè yon bri tankou li ap di bè è è è... pou kominike avèk parèy li. Gade ositou bouk.
Kabrit fè pati mamifè. Li manje zèb e li remoute manje l. Kabrit se yon bèt ki pa gen twò gwo tay. Nou jwenn kabrit tout kote nan monn lan, patikilyèman nan mòn yo. Bouk yo toujou degaje yon odè ki santi fò.
kabrit ki kòmanse rèk gen 32 dan : 8 ensisiv enferyè ki apiye sou zansib siperyè a ki fòme yon boulèt rezistan. Nan fon bouch kabrit la gen 24 molè, 12 anwo ak 12 anba. Chak selil genyen 60 kromozom.Yon kabrit mezire 60 santimèt e 1 mèt. Li peze selon orijin kabrit la anviwon 15 kilogram ak 80 kilogram. Yon kabrit ka viv anviwon 14 lane.
Tradiksyon
[modifye | modifye kòd]- Lòt kreyòl:
- Franse: chèvre
- Angle: goat
- Alman: Ziege
- Panyòl: cabra
Etimoloji
[modifye | modifye kòd]Mo kabrit la sòti nan lang pwovansal (cabrit).